Yon solisyon modèn pou antrepriz ou!

Novtech
Pèmèt tout kliyan nou yo, ann Ayiti ak nan Karayib la, fè peman elektwonik pou achte byen ak sèvis.
NOVTECH se yon konpayi sèvis teknoloji ki te fonde an 2007. Espesyalite nou se distribisyon solisyon enfòmatik pou antrepriz komèsyal ak finansye, gouvènans enstitisyon piblik ak prive, komès anliy ak sèvis kliyan.
Pou bay pi bon sèvis nan pi bon kondisyon posib pou kliyan yo, NOVTECH mete kanpe pwòp ekosistèm peman elektwonik pa li, WIPIP™. Avèk WIPIP™, konpayi an patisipe nan yon vrè transfòmasyon nan fason yo bay sèvis finansye yo, sitou nan zòn ki lwen epi ki pa byen sèvi pa rezo bank tradisyonèl yo.

Ekosistèm peman elektwonik

ATM

Kat

Mobil
NOVTECH genyen
- Plis pase 15 lane eksperyans ap akonpaye enstitisyon yo sou mache a.
- Pwofesyonèl ki gen eksperyans nan teknoloji, finans ak politik jesyon.
- Yon metriz solid epi pwouve nan ekosistèm teknoloji peman yo, sitou ann Ayiti.
- Yon gwo konesans sou kontèks règlemantè rejyonal, nasyonal ak mondyal nan zafè finans ak teknoloji.
- Pwòp platfòm peman pa li, WIPIP™, ki kapab kominike ak nenpòt sistèm bankè oswa nenpòt lòt platfòm tranzaksyon finansye.

274
Kliyan
21
Pwojè an kou
46
Pwojè fini
18
Anplwaye
Kliyan & Patnè nou yo








Vin jwenn mouvman nou an pou yon enklizyon finansye ki pi laj epi ki jis.
Ansanm, nou kapab bati yon avni kote chak moun gen aksè ak sèvis finansye li bezwen. Fè premye pa a pou plis estabilite finansye. Vin jwenn nou jodi a!
